Lwil woukou (Annatto seeds oil)

Engredyan: lwil, woukou.

Lwil woukou a, ou kapab itilize l lè w ap kwit vyann, ou pap bezwen pat tomat, epi ou kapab fri ze ak li tou.

 

Woukou se yon ansyen epis anndan tout zepis ke nou genyen nan Kizin Grandèt yo. Li gen yon gou espesyal e li bay koulè, avan pat tomat rantre nan kizin nou an se li granmoun yo te konn itilize.